samedi 30 novembre 2013

Rankont

Mwa novanm lan se te yon mwa rankont -- rankont pwofesyonèl ak rankont zanmi. Mwa a te kòmanse ak 25èm kolòk Asosyasyon Etid Ayisyen. Rankont sa a ki te fèt nan Karibe apati 7 pou rive 9 novanm se te okazyon pou moun k ap travay sou Ayiti nan inivèsite ak lòt enstitisyon toupatou rankontre pou yo pataje lide yo. Se Raoul Peck ki te envite spesyal kolòk la ane sa a. Tit diskou l la se te Stolen Images. Peck te pale sou jan li enpòtan pou Ayisyen pwodui pwòp imaj pa nou, pou nou pa gade tèt nou selon jan lòt moun wè nou. Plizyè prezantasyon te fè lide sa a parèt pandan wikenn lan, kit se te nan domenn literati, kit se te nan domenn istwa oswa antropoloji. 

Se ak anpil plezi mwen aprann Daniel Morel genyen pwosè li te fè kont Agence France Press ak Getty Images. Pwosè sa a montre jan Ayisyen kapab pwodui pwòp imaj pa nou epi goumen pou kenbe kontròl imaj sa yo, menm lè se kont enstitisyon ki gen anpil pouvwa. 

Pou m tounen sou kolòk la, te gen anpil panèl ki te anrapò ak sijè daktyalite. Nou kapab site tout panèl ki te fèt sou relasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Mwen regrèt mwen pa t gen chans suiv tout. Kimberly Wynne ak Amelia Hintzen te prezante travay sou kominote Ayisyen kap viv nan batèy fig ak sik nan Dominikani. Rechèch yo te fè sòti jan kondisyon lavi ak travay yo pa menm pou tout travayè, selon konbyen tan yo gen nan peyi a, rejyon kote yo etabli a ak anpil lòt faktè ankò.

Menm jan ak Régine, youn nan kou m ap fè semès sa a chita sou relasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Semenn sa a nou pral kòmanse travay sou woman René Philoctète la, Le Peuple des Terres Mêlées. (Se youn nan tit liv mwen twouve ki pi bèl nan tout sa m konnen yo.) Lide solidarite liv sa a eksprime a toujou rete enpòtan, menm lè leta dominiken an ak kèk sektè nan sosyete a pito kreye divizyon ak konfli. Erèzman yo pa pale pou tout pèp dominiken an.  Gwoup k ap òganize aktivite Abrazo Solidario a vle montre gen yon pati nan popilasyon ki chwazi pataj, kominote, solidarite -- imanite. 

c. CF Verna
Apre kolòk la, mwen te pran wout pou Mibalè ak kèk zanmi, kote nou te pase yon ti tan ak Gerdès Fleurant ak Florienne Saintil nan Centre Culturel Léocardie et Alexandre Kenscoff. (Ti vwayaj sa a te ba nou okazyon vizite Sodo tou.) Mwen byen kwè rankont avèk Gerdès ak Fleuriane lan anonse anpil bèl kolaborasyon pi devan. 

NM