vendredi 18 janvier 2013

Eske nou li liv ki ekri an kreyòl yo?


Tande ap swete tout lektè nou yo bòn ane. Sa fè kèk tan depi nou pa ekri sou blòg la. Nou te menm ka panse tit dènye tèks mwen an se te yon fason pou mwen te tou di nou Tande fèmen. Se pa sa ditou. Ane 2013 la kòmanse pou nou ak anpil delè, yon maladi epi anpil aktivite pwofesyonèl. Men nou la, nou pa pi mal. N ap toujou kontinye pataje lide nou sou kilti ak literati ak lektè nou yo, epi nou toujou la pou nou tande nou. 

Mwen toujou eseye li anpil depi gen yon ti vakans. Se lè sa a tou mwen pwofite finalize dosye mwen gen pou remèt. Youn nan tèks mwen te gen pou m remèt nan mwa janvye a se yon biyografi Georges Sylvain. M tap travay tou sou yon tèks sou travay kritik ki fèt sou literati ayisyen an.

Menm jan ak anpil lòt moun, mwen konstate nan anpil diskisyon sou literati ayisyen, kritik ak lektè gen tandans neglije liv ki pibliye an kreyòl yo. Yo site Dezafi ak Krik? Krak!, men se kòmsi pa gen anyen ki fèt apre sa. Se domaj. Enterè liv kreyòl yo pa chita sèlman nan fè promosyon lang kreyòl la. Menm jan ak tèks literè ki ekri nan nenpòt ki lang, tèks kreyòl yo pèmèt lektè a pataje richès imajinasyon ekriven an oubyen konstate travay li fè sou lang la. Nan ka Ayiti a, li difisil pou yon moun arive konprann literati peyi a si li pa gen okenn ide sou sa kap fèt nan toulède lang nasyonal yo. Sitou anpil ekriven ayisyen jodi a ekri nan toulède lang yo. Anpil lektè  tou li tout kalite tèks nan de lang yo, menm si toujou gen plis pwezi ki ekri an kreyòl pase woman, teyat ak nouvèl. Men tèks sa yo la tou.

Mwen deja site Georges Sylvain ak Frankétienne. Ane pase nou te fete santyèm anivèsè Félix Morisseau-Leroy. Gen Georges Castera tou ki kontinye ap fè yon travay enpòtan nan domenn pwezi kreyòl. Dayè nan mwa me 2013, ap gen yon kòlòk sou pwezi Castera ekri nan toulède lang yo.

Men apa non sa yo anpil moun kapab rekonèt, gen lòt òte ki pibliye tèks enteresan an kreyòl nan ven dènye ane k sot pase yo. Anpil moun ki pa li tèks kreyòl yo di se paske yo pa konnen yo. M fè yon ti lis kèk liv an kreyòl mwen renmen anpil pou ede nou. 

  • Raoul Altidor,  Koulè Midi (nouvèl, 1999)
  • Bonel Auguste, Nan Dans Fanm (pwezi, 2012)
  • Pierre Michel Chéry,  Bèbè Gòlgota (woman, 2008)
  • Louis-Philippe Dalembert, Epi oun jou konsa tèt pastè bab pati (resi, 2008)
  • Josaphat-Robert Large, Rete! Kote Lamèsi (resi, 2008)
  • Evelyne Trouillot, Plidetwal (pwezi, 2006)

Jounen jodi a, gen anpil pwodiksyon literè ayisyen an kreyòl. Kèlkeswa stil ekriti, tip tèks ou renmen li, ou ta dwe kapab jwenn tèks an kreyòl kap fè w plezi. Mwa sa a, Words Without Borders pibliye yon nimewo spesyal sou Ayiti. Ladan l n ap jwenn ekstrè rekèy Sezon Malè Guy-Gérald Ménard pibliye ane pase. Gen plizyè antoloji ki fèt ann Ayiti kote nou kapab jwenn tèks an kreyòl ansanm ak tèks an franse tankou Haïti, par monts et par mots. Un atlas littéraire epi La vie et ses couleurs ki fenk parèt an desanm 2012. Gen plis liv bileng kap fèt kounyè a, sitou pou timoun. Jounen jodi a, timoun ayisyen yo gen anpil chwa nan liv kreyòl pou yo li. Dènyèman, GRAHN te rekonèt travay Jocelyne Trouillot Lévy nan literati kreyòl la. Depi plizyè ane Trouillot Lévy ap pwodui liv pou timoun ak adolesan an kreyòl. Edisyon lap dirije a spesyalize l nan pwodiksyon kreyòl. 

Tout sa se yon fason pou mwen di nou gen anpil otè k ap travay pou anrichi lang kreyòl la, pou nouri imajinè nou. Nan sans sa a, nou pwofite salye memwa Deita ki kite nou an desanm 2012. Travay li fè sou lang kreyòl ak kilti ayisyen trase chimen pou anpil lòt. Bibliyotèk Nasyonal Ayiti ap òganize yon jounen omaj pou Deita vandredi 25 janvye. 

Si nou pa abitye li liv an kreyòl, nou mèt kòmanse jodi a. Lè fini, vin di nou sa n panse. Ann bay patisipasyon pa nou nan travay kritik sou literati ayisyen an kreyòl. 


NM