vendredi 27 avril 2012

Open for Business?

Depi kèk tan, gen yon slogan ki vin alamòd pa bò isit ki fè konnen Ayiti ouvri pou biznis -- Haiti is open for business. Pawòl sa a nan bouch dirijan ak nan bouch etranje ki gen enterè isit. Plizyè moun, isit kou lòtbò ap eseye konprann kisa sa vle di. Lòt jou, pitit mwen rive lekòl avèk anpil reta paske depi gwo lapli tonbe wout bò lakay mwen tounen larivyè. Yè maten, mwen jwenn wout kote m abitye pase pou m al travay Lekòl Nòmal bloke. M pa konn pou ki rezon, ni m pa konn kilès ki deside bloke l. M kase tèt tounen, chèche yon lòt wout. Depi kèk mwa, mwen pa kapab fin rive devan Lekòl Nòmal ak machin mwen paske lari a tounen yon pakin. M pa konn si gen anons ofisyèl ki te fèt sou sa. Antouka, se rive m rive yon jou maten mwen wè machin pake tout devan Lekòl la. Si Ayiti ouvri pou biznis, m pa konn pou ki moun. Petèt pou moun ki gen elikoptè.




Men depi semenn pase a, gen yon kote ki ouvri pou biznis vre. Plis pase 2 ane apre tranblemantè 12 janvye 2010 ki te kraze Lekòl Nòmal la, bibliyotèk la resi ouvri pòt li. Lè m di bibliyotèk, se poko yon vre bibliyotèk inivèsitè kote etidyan ak pwofesè kapab fè rechèch avanse nan domenn yo. Men se yon kote nou kapab konsilte liv, kote nou kapab li. Chans pou nou pi fò liv ki te deja nan bibliyotèk la pat pèdi an 2010.

Gen nouvo liv tou ki vin ajoute sou sa k te la deja. Nan dènye tèks mwen te fè pou ane 2011 lan, mwen te   di jan m te apresye jès etidyan Régine yo ki te voye liv pou pataje ak kominote Lekòl Nòmal la. Fòk nou remesye tou Mark Schuller ki fè bibliyotèk Lekòl Nòmal la kado yon egzanplè Tectonic Shifts, yon liv li kowòdone sou sitiyasyon peyi a depi 12 janvye 2010. Claudine Michel ki se yon ansyen etidyan Lekòl Nòmal dirije Journal of Haitian Studies, yon revi ki spesyalize l nan domenn etid kap fèt sou Ayiti. Claudine fenk voye pi fò nimewo revi a bay bibliyotèk la pou ajoute sou seri nou te deja resevwa an 2008. Ane pase, Gina Ulysse te kowòdone yon nimewo spesyal revi Meridians ki rele Pawòl fanm sou douz janvye. Gen yon egzanplè nan bibliyotèk la. Genyen tou Dictionnaire des écrivains francophones classiques ki ka sèvi kòm referans pou etidyan seksyon Lèt Modèn lan menm jan ak nimewo spesyal The Caribbean Writer a fè sou Ayiti. Gen yon egzanplè liv mwen edite a, Ecrits d'Haiti ki disponib nan bibliyotèk la tou. Kounyè a se plis etajè nou bezwen pou li kapab pi fasil pou nou konsilte tout liv sa yo! Mwen swete kominote Lekòl Nòmal la ap chèche itilize tout resous bibliyotèk la gen pou l ofri. M ap tou pwofite remesye ekip kap travay nan bibliyotèk la, ki pa janm mete m deyò menm lè yo wè m souvan! 

Se vre resous bibliyotèk la limite. Tankou resous tout inivèsite a. Semenn sa a rektora inivèsite deta dayiti ansanm ak pifò fakilte l yo lanse yon mouvman pou mete sosyete a okouran pwoblèm grav inivèsite a genyen pou l fonksyone. Se yon fason tou pou fòse dirijan yo ajiste bidjè nasyonal la pou l ann akò avèk enpòtans edikasyon dwe genyen nan sosyete a. Li pa nòmal pou inivèsite leta a resevwa sèlman 0.54% bidjè a. Kijan pou inivèsite a jwe wòl li nan sosyete a nan kondisyon sa yo? Kòman pou li fòme kad pou jere biznis (Ayiti) dirijan yo deklare k ouvri a? Petèt tou otorite yo panse inivèsite a pa nesesè pou kalite biznis yo vle ouvri a. Antouka, mwen kontan omwen ti bibliyotèk Lekòl Nòmal la ouvri pou biznis vre. 


NM

2 commentaires:

  1. Bon wi mwen dako avek ou ke inivesite leta pa sipose ap fonksyone ak you minimom bidje. Li le li tan pou dirijan nou yo separe edukasyon peyi a ak politik. Sa ki mal la, preske tout swadizan dirijan sila yo te pase nan inivesite a, ki di ke yo konen pwoblem nan. Menm si bibliyotek la pa tout sa nou ta espere, se you pwogre kan menm e nou aplodi ges la. Sa ki te retni atansyon m anpil lem tap li atik la, se te anekdot ak paralel ou utilize pou antre nan nannan koze a ak fason ou fe tranzisyon de pwopagan ideyalis ak pragmatis reyalis. Li kompare tou de consep yo kot a kot pandan li montre jan moun fristre ak reyalite yo oblije viv chak jou. Mesi anpil pou travay sila.

    RépondreSupprimer
  2. Mwen kontan ou kontinye apresye travay la! Se vre, lè nap viv yon seri bagay chak jou, li difisil pou nou aksepte yon seri pawòl kap pale kòm bagay serye. Sa w di a se vre, m pat panse a sa, men anpil manm palman an diplome nan inivèsite leta a. Yo ta dwe pran ka l. Nap suiv pou wè!

    RépondreSupprimer